Ecole Marie Auxiliatrice de Thomonde

Révérand Père Mérès, Ancien Elève de l'Ecole Marie Auxiliatrice de ThomondeAnciens Elèves de l'Ecole Marie Auxiliatrice de Thomonde

"Tomond se youn ti kote apa!"

"Thomonde se youn ti kote apa!" jan youn lot moun di-l, lè li t'ap pale de kote li soti.
Youn nan gran lekol nan Tomond se lekol "Marie Auxiliatrice de Thomonde". Lekol sa-a dirije pa Mè "Saint-Joseph de Cluny". Se yon lekol elemantè ki fome ti moun sèlman anvan yo ale nan lekol segondè. Anndan lekol la gen youn ti lekol pwofesyonel tou ki fome granmoun.
Ane sa-a (2007) kongregasyion mè sa yo ap fete desan lane anivèsè fondasyon yo (1807-2007). Sa se youn bagay enteresan pou tout moun Tomond, ak tout elèv, ansyen elèv, ansyen paran, ansyen profesè lekol sa-a. Nan Tomond ak nan anpil lot kote nan lemond antye, y-ap fete gro koze sa avèk anpil chalè ak kè kontan. Gen youn komite ki gentan sou pye nan Tomond pou oganize epi ede Mè yo nan Tomond fete gwo fèt sa-a. Li paj sa yo pou plis enfomasyon:

Thomonde.com® ak tout kolaboratè yo souete tout Mè Sen Josèf yo

youn gwo "Bon Fèt"
ak youn gwo mèsi anpil
pou kontribisyon yo nan edikasyon moun Tomond.

Nou tou pran plezi pou envite tout moun pou kole zepol ak Fondasyon Elèv Lekol la (FAEMAT), ak KOREKTHO ansanm avèk e tout lot oganizasyon kap fè bon travay pou fè bagay yo pi bon toujou nan Tomond.

Tout tan n-ap jwen plis nouvèl ak bon ti bagay, n-ap fè ou konen. Toujou fè youn ti kout klike pa bo isit la.
C.J. Ayiti Korespondan, © 2007, Thomonde.com - All Rights reserved.

Ecole Marie Auxiliatrice | Discours de Cisconstance | Histoire des Soeurs de Saint-Joseph |
| Invitation et Demande | FAEMAT |
 

Thomonde.com | P.O. BOX 816, Randolph, MA 02368-0816 | developer@thomonde.com | phone 1-866-826-1232 | fax 1-617-296-4523